


FÈ KONESANS AK NOU
JunGrafik Creative Agency yon pakou ki dwe enspire w pou w pa neglije aprann.
Mwen rele Junior II A. N. Cantave, ke anpil moun konnen sou non JunGrafik. Mwen se yon Brand Designer ak Fòmatè ki gen yon pakou ki bati sou pasyon, aprantisaj kontinyèl ak transmisyon konesans.
Pasyon m pou teknoloji te kòmanse depi 2007, lè m te gen 9 lane, kote m te kòmanse aprann pou kont mwen sou òdinatè fanmi an. Malgre lanmò papa m an 2010, mwen te rive poze premye baz pwofesyonèl mwen ak sipò manman m.
Nan chimen fòmasyon mwen ak esperyans mwen, mwen te:
-
2012: Aprann Informatique Bureautique.
-
2014: Fè premye eksperyans mwen kòm fòmatè ak ekip CARJM.
-
2017 - 2020: Etidye lang anglè.
-
2018: Espesyalize m nan Graphic Design (Photoshop, Illustrator, Corel Draw).
-
2019: Ranfòse konpetans teknik mwen epi swiv fòmasyon nan Antreprenarya ak Business Plan pou m sèvi ak dizay tankou yon zouti estratejik pou biznis.
-
2021: Swiv fòmasyon nan serigrafi atizanal ak pwodiksyon videyo, san m pa sispann aprann Web Design ak Graphic Phone anliy.
Nan dat 17 me 2023, mwen te ofisyèlman kreye mak mwen, JunGrafik, pou m mete kreyativite m an sèvis biznis yo. Jodi a, mwen konbine dizay, teknoloji, antreprenarya ak fòmasyon. Mwen pale kreyòl, fransè ak anglè. Vizyon mwen se kontinye grandi, fòme jèn yo, epi kontribye nan devlopman kominote kreyatif la.

Kisa nou ofri ?

Estaf administratif JunGrafik la
Ekip nou an se yon gwoup jèn pasyone, kreyatif ak pwofesyonèl ki angaje pou bay pi bon rezilta. Nou mete konpetans nou ansanm pou kreye solisyon inovatè epi akonpaye kliyan nou yo ak pwofesyonèl yo nan chak etap pwojè yo.
.png)

