5 konsèy pou w aplike antanke dizaynè
- JunGrafik Creative Agency...
- 6 avr.
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 7 avr.
Nan domèn dizay grafik la, talan pou kont li pa ase. Se panse ak metòd travay ou ki kreye diferans lan. Men 5 konsèy esansyèl pou ede w devlope kòm yon dizaynè pwofesyonèl:

1. Evite reflechi twòp
Reflechi gen anpil valè, men lè li depase yon sèten limit, li ka anpeche kreyativite w fleri. Pa gaspiye twòp tan ap pouswiv pèfeksyon anvan ou menm kòmanse. Kòmanse ak yon ide senp, mete li sou ekran an, epi amelyore li ti pa ti pa. Aksyon gen plis enpòtans pase panse san rete.

2. Pa pwokrastine
Pwokrastinasyon se youn nan pi gwo advèsè yon dizaynè. Lè ou ranvwaye travay ou, ou kreye presyon sou tèt ou epi pèdi nan kalite. Etabli delè klè pou tèt ou, menm lè kliyan an pa nan prese. Disiplin nan travay ap fè ou vin pi serye ak plis pwofesyonèl.

3. Swiv lòt dizaynè
Ou pa ka avanse si ou pa obsève sa lòt moun ap fè. Swiv dizaynè ki gen plis eksperyans pase ou pou w ka aprann nouvo teknik, nouvo tandans, ak nouvo stil. Men pa imite yo, sèvi ak sa w aprann pou w devlope pwòp idantite w.

4. Evite desann pri travay ou
Pri ou reflete valè ou. Si w toujou ap diminye pri ou pou atire kliyan, moun ap sispann respekte travay ou.
Fè kliyan yo konprann valè design ou genyen. Yon bon dizay se yon envestisman, pa yon depans.

5. Revize travay ou avan w pwomote li
Pa janm prese poste yon dizay san ou pa verifye l. Tcheke:
Erè òtograf
Aliyman
Koulè
Lizibilite
Yon ti erè ka detwi tout pwofesyonalis ou. Toujou pran kèk minit pou fè yon dènye revizyon.
An konklizyon
Siksè nan dizay pa vini pa aza. Li soti nan bon abitid ak disiplin chak jou. Si ou aplike konsèy sa yo, ou ap amelyore kalite travay ou epi bati yon bon repitasyon.
Images source : pinterest.com
Rejwenn nou si w poko fè sa
.png)
Good Job ! ✨
Très bel article
Bon travail