Graphic Design VS Identité Visuelle
- JunGrafik Creative Agency...
- 14 avr.
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 avr.

Nan mond kreyasyon vizyèl jodi a, anpil moun souvan konfonn Graphic Design (Enfografi) ak Identité Visuelle tankou si yo t ap pale de menm bagay. Sepandan, an reyalite,
yo se 2 domèn diferan, menm si yo travay an konplemantè.
Ann mete plis presizyon sou sa
Ki sa Graphic Design ye?
Graphic Design se tout sa ki gen rapò ak kreye yon enfòmasyon pou kominike yon mesaj pandan w ap itilize imaj.
Sa ka gen ladan:
Afich (flyers)
Banè (banner)
Post pou rezo sosyal
Kat vizit
Anons piblisite, elt...
Objektif li: Atire atansyon epi transmèt yon mesaj klè rapidman
Ki sa Identité Visuelle ye?
Identité Visuelle se aparans yon antrepriz (brand). Se li ki bay biznis ou yon aparans inik epi pwofesyonèl, sa ki fè w konnen ak kisa li sanble.
Li gen ladan:
Logo
Koulè ofisyèl
Tipografi (font)
Estil vizyèl (guideline)
Objektif li: Fè moun rekonèt ou fasil epi sonje w, imedyatman yo wè yon dizay ou.
Klike sou lyen sa a pou w aprann plis sou sou sa
⚖️ Diferans prensipal yo genyen
🎨 GRAPHIC DESIGN | 🧠 IDENTITÉ VISUELLE |
Kreye vizyèl pou bezwen rapid san pran tan (afich, post, bannè…) | Bati yon imaj global ak estratejik pou antrepriz la |
Travay sou chak pwojè apa, selon bezwen moman an | Travay sou tout prezans antrepriz la, sou long tèm |
Ka adapte, chanje oswa varye selon kanpay | Dwe rete fiks, konsistan, epi fasil pou rekonèt si yon moun ta wè w |
Mete aksan sou estetik ak mesaj imedya | Mete aksan sou idantite, pèsonalite ak diferans antrepriz la fè nan zye lòt moun |
Pa nesesèman gen menm stil chak fwa | Fòme yon liy direksyon vizyèl klè pou tout design |
Poukisa ou bezwen 2 yo ansanm
Identité Visuelle = plan an
Graphic Design = aplikasyon an
San plan, ou ap kreye o aza. San aplikasyon, plan an pa sèvi ak anyen.
👉 Se ansanm yo bay yon antrepriz ki:
Klète
Pwofesyonalis
Memorabilite
Graphic Design se sa ki fè yo gade w…
Identité Visuelle se sa ki fè yo sonje w.
Abone ak newsletter nou an pou w pa rate kontni ki ap ede w grandi biznis ou ak bon estrateji.
Images source : pinterest.com
.png)

Commentaires