top of page

Graphic Design VS Identité Visuelle

Dernière mise à jour : 15 avr.



Nan mond kreyasyon vizyèl jodi a, anpil moun souvan konfonn Graphic Design (Enfografi) ak Identité Visuelle tankou si yo t ap pale de menm bagay. Sepandan, an reyalite,

yo se 2 domèn diferan, menm si yo travay an konplemantè.


Ann mete plis presizyon sou sa



 Ki sa Graphic Design ye?

Graphic Design se tout sa ki gen rapò ak kreye yon enfòmasyon pou kominike yon mesaj pandan w ap itilize imaj.

Sa ka gen ladan:

  • Afich (flyers)

  • Banè (banner)

  • Post pou rezo sosyal

  • Kat vizit

  • Anons piblisite, elt...


Objektif li: Atire atansyon epi transmèt yon mesaj klè rapidman

 Ki sa Identité Visuelle ye?

Identité Visuelle se aparans yon antrepriz (brand). Se li ki bay biznis ou yon aparans inik epi pwofesyonèl, sa ki fè w konnen ak kisa li sanble.

Li gen ladan:

  • Logo

  • Koulè ofisyèl

  • Tipografi (font)

  • Estil vizyèl (guideline)


Objektif li: Fè moun rekonèt ou fasil epi sonje w, imedyatman yo wè yon dizay ou.

Klike sou lyen sa a pou w aprann plis sou sou sa


⚖️ Diferans prensipal yo genyen

🎨 GRAPHIC DESIGN

🧠 IDENTITÉ VISUELLE

Kreye vizyèl pou bezwen rapid san pran tan (afich, post, bannè…)

Bati yon imaj global ak estratejik pou antrepriz la

Travay sou chak pwojè apa, selon bezwen moman an

Travay sou tout prezans antrepriz la, sou long tèm

Ka adapte, chanje oswa varye selon kanpay

Dwe rete fiks, konsistan, epi fasil pou rekonèt si yon moun ta wè w

Mete aksan sou estetik ak mesaj imedya

Mete aksan sou idantite, pèsonalite ak diferans antrepriz la fè nan zye lòt moun

Pa nesesèman gen menm stil chak fwa

Fòme yon liy direksyon vizyèl klè pou tout design


Poukisa ou bezwen 2 yo ansanm

  • Identité Visuelle = plan an

  • Graphic Design = aplikasyon an

San plan, ou ap kreye o aza. San aplikasyon, plan an pa sèvi ak anyen.

👉 Se ansanm yo bay yon antrepriz ki:

  • Klète

  • Pwofesyonalis

  • Memorabilite


Graphic Design se sa ki fè yo gade w

Identité Visuelle se sa ki fè yo sonje w.


Abone ak newsletter nou an pou w pa rate kontni ki ap ede w grandi biznis ou ak bon estrateji.


Images source : pinterest.com



 
 
 

Commentaires


bottom of page